|
anti sexista antifascista antirracista |
|
Avèk Komisyon Sante Club San Carlos nou te decide travay nan katye San Carlos ak menm metòd rechèch-entèvansyon ap itilize 60 lè yo de travay sosyal ke etidyan fòk yo fè avan yo fini lekèl segondè.
CENCET (Sant Nasyonal Kontwòl Maladi Twopical yo), Gustav Wiese e mwen menm te anseye etidyan yo pou travay.
Nan kominike sa gen done yo premye vizite nan Ti Ayiti.
Sa se yon rechèch-entèvansyon oubyen nou vizite chak kay nan katye a e nou fè Sanitize Focal.
Isit non kay vle di chak bilding prive ou komèsyal.
Nou itilize Pousantaj (to) sa yo:
Pousantaj kay:
-- Defini pou OMS tankou "pousantaj aedes aegypti", se pousantaj kay pozitif yo pou larv ou poup.
Pousantaj resipyan:
-- Se pousantaj resipyan yo ak dlo, pozitif pou larv ou poup.
Pousantaj de Breteau:
-- Kantite de resipyan pozitif pou chak 100 kay yo vizite.
Sanitize Focal (de “foco” = resipyan ak dlo e larv yo de marengwen).
Sanitize Focal se sa:
- Sipèvizyon chak kay.
- Edikasyon abitan yo.
- Destriksyon resipyan ki konsève larv ou poup.
- Fè jwenn enfòmasyon.
Repwodiksyon ke nou pa kapab detwi nou trete ak Abate (Temephos 1%): 10 g (2 ti kiyè) pou chak 100 lit dlo.
Nou distribye materyèl enfòmasyon.
Nou itilize Epi Info™ soti 3.4.1 pou elabore e analize done yo.
Ti Ayiti
Nan 30 abril e 14 me nan ane 2010 nou vizite 44 kay yo nan Ti Ayiti (wè Kat) e nou jwenn 12 pozitif pou repwodiksyon ak yon total resipyan de 93 ak 22 pozitif. Pousantaj kay yo se 27, pa Breteau yo se 50 e pa resipyan yo se 24.
Pousantaj yo montre yon risk wo pou transmèt denge.
Kèk kay te fèmen e plizyè te refize entèvansyon an, kay kontwòl yo se sèlman yon 29% de kay ki vizite yo.
Ka lafyèv gen 11 kay e te gen 7 kay denge: 1 nan 2004, 2 nan 2009, 1 nan janvye 2010, 1 nan fevriye 2010 e 2 pa gen dat.
Nou mete Abate e nou vide resipyan pozitif yo ke nou ka vide.
Rechèch la montre ke toutmoun konnen byen ke se denge e kòm li ka prevni l, malgre sa moun panse ke “pase kloròks - untar cloro” vle di “mete kloròks - echar cloro”. Majorite moun yo konnen ke moun ki gen denge ak lafyèv se rete anba moustikè.
Travay sa te fèt pou etidyan yo nan 60 lè yo. Sa se premyè travay nan kaye sa, nou te kontakte moun ki rete laba e avèti toutmoun yap vizite la.
Nou te ka kontwole sèlman kèk kay, men nou te kòmanse. Fòk nou ale avèk sa fini yon reinyon avèk lidè katye a e deside ansanm travay fiti.
Objektif mwen se prepare yon gwoup volontè pou fè prevansyon denge e sanitize zòn nan.